fbpx
Skip to content
Home » Blog » Selebrasyon 7 Jiyè 2021

Selebrasyon 7 Jiyè 2021

    MESAJ ANBASADÈ MARLI POU SEMÈN REKONSILYASON NASYONAL

    Nan Boukan Lapli – Aktivite yo ap kòmanse a 3:30 aprè midi.
    1. Jwèt mach-kach, penalite, morpion, domino ak kat.
    2. Match foutbòl: Aventers avèk Stars ( 5:30-6:30)
    3. Konferans & entwodiksyon avèk Statler. Istwa zòn nan, ki sa Rekonsilyasyon ye, benefis li pou peyi a egzanp li nan lòt peyi e ki jan Ayiti ka benefisye de rekonsilyasyon (Lesly Lalanne).
    4. Animasyon Mizikal (8-11 aswè)

    KONTRIBYE POU KANPAY REKONSILYASYON NASYONAL


    Nan Bon Repo –  

    1- Samdi 03 jiyè: Konbit netwayaj kap konmanse depi 7h nan maten. 

    2- Dimanch 04 jiyè: yon chita pale, brase lide sou rekonsilyasyon nasyonal la, ki sa l ye? Kòman nou konprann li? Kòman nou ka pote konkou pa nou? Brase lide sa ap fèt à 4h nan aprè midi.

    3- 7 Jiyè: Mès ak yon pataj a pati 4h nan aprè midi

    JOUNEN REKONSILYASYON NASYONAL

    Nan Gresye ak Leogán – Groupe Artisan de Paix (GAPA) ap reyini pou fòme yon chenn solidarite. Y ap envite plizyè entèvenan pou vin fòme manb yo ak kominote yo sou tèm Tèt-ansanm ak Rekonsilyasyon. A 2è aprè midi. Deba andirèk sou chèn Youtube GAPA Production an ak chèn FB GAPA Haiti k ap pèmèt anpil moun patisipe nan selebrasyon an avèk yo. 

    N ap Ajoute lòt aktivite detazantan

    HAITIAN-AMERICAN FOR RECONCILIATION

    Haitian-Americans for Reconciliation

    Nan Delma/Taba/Santo  – Jedi 7 Jiyè: 1. Kozeri sou enpotans Rekonsilyasyon, lapè ak tèt ansanm an Ayiti.  2. Brase lide sou liv “Entente Nationale pour la Justice Sociale en Haiti” Emmanuel Louis-Jeune. Atis envite: Maestro Rémy Joseph Janvier; Pierre Richard Jean Louis.

    Leave a Reply