fbpx

Kanpay Rekonsilyasyon Nasyonal

Rekonsilyasyon se pi GWO kado nou ka bay peyi nou e pi BON eritaj pou jenerasyon k ap vini an. An Envesti nan Tèt Ansanm ak Lapè pou Ayiti ka pwogrese. Kontribye pou ede n Rekonsilye!
Kanpay Rekonsilyasyon Nasyonal
93% Funded
  • $6,544.00 Donated
  • $7,000.00 Goal
  • 54 Donors

About the Campaign

Jodi a M ap mande w pou ou kontribye nan Kanpay pou Padon, Rekonsilyasyon ak Lapè a. Se yon kanpay pou ede nou, Ayisyen, met tèt ansanm pou n ka transfòme peyi nou.
Kontribisyon ou ap pèmèt nou pwodwi materyèl edikatif/promosyonèl epi kontinye mache toupatou nan peyi a pou pwomote lapè, padon ak rekonsilyasyon.
M swete ou konprann enpòtans tèt ansanm pou peyi nou, e w ap kontribye pou ede ini peyi nou. Jenerasyon k ap vini an bezwen w e mwen konte sou ou.
Kanpay Rekonsilyasyon Nasyonal la se pou kreye yon kilti padon ak rekonsilyasyon lakay chak Ayisyen. Yon fason pou gen amoni ant Ayisyen, epi ede n mete an pratik deviz nou, pou peyi n ka pwogrese. Rekonsilyasyon se pi GWO kado nou ka bay peyi nou e pi BON eritaj pou jenerasyon k ap vini an. 7 JIYÈ se JOUNEN REKONSILYASYON NASYONAL. Ede sonnen lanbi rekonsilyasyon an souple.
Tèt Ansanm - Nou tout se Ayisyen

Ale nan lyen sa a pou w ka fè pati gwoup Kanpay Rekonsilyasyon Nasyonal  la sou Facebook https://www.facebook.com/groups/KanpayRekonsilyasyonNasyonal/

3 comments