fbpx
Skip to content
Home » Blog » Travay vètyè 2023

Travay vètyè 2023

     ZANSÈT YO PA T FÈ BWA-KAY-IMAN pou jodi a n te ka lage kò n nan nenpòt peyi POU N AL SÈVI ETRANJE. Zansèt yo te Batay, li lè pou nou TRAVAY! Èske n pare pou Travay Vètyè ane sa?

    Travay Vètyè se 18 jou aksyon pou Ayiti. Kòmanse de 1-18 Novanm. 3 premye jou yo se pou Ayiti Sosyalman Pozitif. Ayiti Sosyalman Pozitif se 3 jou Enspirasyon, Ankourajman ak Espwa pou peyi nou sou tout medya sosyal yo. Rès jou yo, 3-18 Novanm, n ap soti aloral pou n pase alaksyon pou Ayiti cheri nou an. GRENADYE! AN N TRAVAY! #TravayVètyè #RevolisyonMantal #AyitiSosyalmanPozitif #RekiltireAyiti


    2 Nov – Lè ou di w vle Ayiti chanje oswa lè w ap panse de yonlòt Ayiti/Ayiti demen an, ki imaj ki pase nan tèt ou? Men youn nan imaj ki konn vin nan tèt an m #AyitiSosyalmanPozitif

    Jodi a se 2èm jou Ayiti Sosyalman Pozitif. Ayiti Sosyalman Pozitif se 3 jou Enspirasyon, Ankourajman ak Espwa pou peyi nou sou tout medya sosyal yo. #TravayVètyè #AyitiSosyalmanPozitif


    1 Nov – Pou premye jou Ayiti Sosyalman Pozitif la, M ap di n yon rèv mwen fè. Ou konnen M pa fè videyo, M gen plis tan pou M dòmi reve, ri.

    Mwen reve M wè nou gen 3 douzèn bis elektrik k ap fè Dèlma a Petyonvil. Mwen wè gen twa stasyon pou rechaje yo ki alimante pa yon sistèm solè. Youn nan ba Dèlma, yonlòt ant Delma 40-65 epi twazyèm nan sou tèt mache Petyonvil. Bis sa yo ede transpòte elèv gratis ak redwi pri kous machin e rann transpò biplik pi konfòtab. #AyitiSosyalmanPozitif

    Lè je m klè, M manke fè kout san, ri. Men M di tèt mwen, NOU KA JERE SA. AN N FÈ L! #TravayVètyè #ElektrifyeAyiti #AyitiSosyalmanPozitif

    Leave a Reply