fbpx
Skip to content
Home » Blog » Mesaj pou Semen Rekonsilyasyon

Mesaj pou Semen Rekonsilyasyon

    MESAJ ANBASADÈ MARLI POU SEMÈN REKONSILYASON NASYONAL

    7 Jiyè – 7 Minit Silans pou Ayiti. M swete w ap rejwenn mwen a 7è aswè a pou 7 minit silans pou LAVI, REKONSILYASYON ak LAPÈ pou Ayiti… #LanmouVivan #7Jiyè #JounenRekonsilyasyonNasyonal

    Gade videyo a

    7 Jiyè – Nan moman fènwa sa, M konnen OU pap abandone nou PAPA. TANPRI GIDE NOU… #LanmouVivan#7Jiyè#JounenRekonsilyasyonNasyonal

    6 Jiyè – Sa n PLANTE se li n ap REKÒLTE. M toujou tande Ayisyen ap di gen moun k ap envesti nan ensekite ak vyolans an Ayiti. Ebyen jodi a M ap mande kot BON AYISYEN yo?  Peyi a bezwen YONLÒT kalte MOUN! Yon kategori MOUN k ap envesti nan LAPÈ ak TÈT-ANSANM nan peyi a. E M swete OU ap fè pati kategori MOUN k ap KONTRIBYE pou APRANN PÈP NOU AN VIV! #AnnAprannViv #7Jiyè #JounenRekonsilyasyonNasyonal

    Men diferan fason w ka kontribye: sou sit nou an https://colorofhope.org/give/campaigns/kanpay-rekonsilyasyon-nasyonal/donate/ atravè Paypal paypal.me/coh2010, CashApp – $colorofhope, Zelle [email protected] ak MonCash tou 3703-7796. Ou ka rele 561-877-1264 si w gen keksyon.

    KONTRIBYE POU KANPAY REKONSILYASYON NASYONAL

    5 Jiyè – Chak sitwayen Ayisyen gen kòm devwa/reskonsablite pèsonèl pou ede katye yo jwenn LAPÈ epi viv an sekirite. Ki aktivite w ap òganize pou selebre 7 JIYÈ, JOUNEN REKONSILYASYON NASYONAL la nan zòn pa w la?  #7Jiyè #JounenRekonsilyasyonNasyonal W ap jwenn kèk aktivite ki pwograme nan diferan zòn nan lyen sa

    4 Jiyè – Ayisyen lè a rive pou nou REKONSILYE avèk LANG MANMAN nou an. Rekonsilye yon jenerasyon avèk LANG li se rekonsilye li avèk TÈT li. Paske LANG li se NANM li. #KreyòlDweSèlLangOfisyèl #7Jiyè #JounenRekonsilyasyonNasyonal

    3 Jiyè – Nan peyi a, advèsè w se yon danje/menas e patizan w se yonlòt danje ak menas pou ou tou. Tout sa se rezilta rayisans, jalouzi ak ògèy. Men REKONSILYASYON ap ede n ranplase Jalouzi, rayisans ak ogèy avèk LANMOU pou n ka viv nan LAPÈ san kè sote. AN N APRANN VIV! #7Jiyè #JounenRekonsilyasyonNasyonal

    KONTRIBYE POU KANPAY REKONSILYASYON NASYONAL

    2 Jiyè – Se pa dat Ayisyen ap mande LAPÈ, men malerezman nou refize prepare kè n pou peyi a ka jwenn #Lapè. Nou kontinye ap plante vyolans, enjistis ak revanj pandan n ap tann pou n rekolte LAPÈ. Sa pa posib!SE SÈL PADON AK REKONSILYASYON K AP KA BAY PEYI N LAPÈ. Nou pap ka viv an pè si konsyans nou pa klè. AN N REKONSILYE #7Jiyè#JounenRekonsilyasyonNasyonal

    7 JIYÈ, JOUNEN REKONSILYASYON NASYONAL

    1 Jiyè – N ap kòmanse 7 jou Lapè ak Rekonsilyasyon an avèk LESPWA. Lespwa ke NOU ka chanje bagay yo, pou vyolans pa rete sèl fason n jere dezakò n yo.Lespwa ke n ka leve yon jenerasyon Ayisyen ki RENMEN/VALORIZE LAVI AK PWOCHEN YO. E ki konprann TÈT-ANSANM PI BON E VIV ANSANM PI DOUS.Lespwa ke NOU pi fò ke pwoblèm yo e ke fòs PAPA LETÈNÈL avèk NOU. #LespwaSeLavi#7Jiyè#JounenRekonsilyasyonNasyonal

    HAITIAN-AMERICAN FOR RECONCILIATION

    Haitian-Americans for Reconciliation

    Leave a Reply