fbpx
Skip to content
Home » Blog » Ayisyen Pa t Vle Kanal

Ayisyen Pa t Vle Kanal

    Ayisyen pa t vle kite yo fè kanal pou yo, jodi a y ap batay pou yo fè kanal. Li lè pou n sipann kite moun jwe sou emosyon nou ak fè n goumen kont enterè nou. Kote n te ye lè entèl t ap eseye fè kanal yo? Dyaspora a pa t gen medya sosyal pou l te wè? Moun k ap pran pòz fè maji yo, malfektè anndan peyi a k ap detwi l yo, se nan tipati nou yo ye? Sa k pran pòz sansib pou kiltivatè yo, lè karaván nan t ap pase a, nou pa t konn dlo te enpòtan pou kiltive latè?

    M p ap menm pèdi tan mande pou swadizan atis yo. E sa k pi fè m mal la, nou fè pèp la ap bat bravo pou menm malveyan ki t ap fè yo batay kont enterè yo a. M ap di n sa ankò, peyi pa fèt sou emosyon ni nan sipèstisyon, n ap bezwen vizyon. #RevolisyonMantal #PeyiAnvanPolitik

    Li kòmantè sou Facebook nan lyen sa: https://www.facebook.com/AmbassadorMarli/videos/3582472715367169

    Leave a Reply