Nòt pou Laprès – 7Jiyè
NÒT POU LAPRÈS
POU PIBLIKASYON IMEDYA
Kontakte: Ed Shakespierre
Tel: 4328-8676
info@colorofhope.org
P
Jounen Rekonsilyasyon Nasyonal
Viv ansanm pi dous #7Jiyè
PÒTOPRENS (26 Jen 2019) – Depi aprè tranbleman tè 12 Janvye 2010 la, plizyè mouvman sosyal te pran nesans e yo tout te gen yon pwen komen: envite pitit nasyon an met tèt ansanm. Ou ka rekonèt kèk ladan yo tankou: Konferans Nasyonal, Dyalòg Nasyonal, Konsètasyon ak Konkòd Nasyonal. Sa demontre ke pitit peyi a konsyan de nesesite pou n travay ansanm.
Se avèk detèminasyon sa a nou envite tout frè ak sè n yo ede n sonnen lanbi rekonsilyasyon an. Dimanch 7 Jiyè 2019 se Jounen Rekonsilyasyon Nasyonal. Selebrasyon yo ap kòmanse depi 1e jiska 7 Jiyè. Ekip C.O.H. la, ansanm avèk plizyè gwoup ki simaye toupatou nan peyi a, ap òganize diferan aktivite pou selebre lapè ak rekonsilyasyon nan mitan nou kèlkeswa kote n ap viv.
Men kèlke aktivite ki gentan pwograme. Vizite lyen sa a pou plis aktivite ak detay https://colorofhope.org/aktivite-pou-selebre-7-jiye/
Dimanch 7 Jiyè – Jounen Rekonsilyasyon Nasyonal: Miray Rekonsilyasyon (Siyati Frèsk Miray) – Site Solèy
Vandredi 28 Jen: Fèt ak Refleksyon pou Rekonsilyasyon – Akayè
Vandredi 5 Jiyè:
– Klinik Mobil – Lizon, Bon-Repo
– Baskèt pou Lapè/Chanpyona Twa Pwen – Dèlma
Samdi 6 Jiyè: Netwayaj katye – Lizon, Bon-Repo
Dimanch 7 Jiyè – Jounen Rekonsilyasyon Nasyonal:
– Aktivite kiltirèl ak Deba – LaGonav/Ansagalè
– Dine Rekonsilyasyon – Mayi Gate/Karade
An n pran wout rekonsilyasyon pou peyi n ka pwogrese. Tèt ansanm pi bon, viv ansanm pi dous!
Recent Comments
- Take The “I Stand with Haiti Pledge” on
- I Stand With Haiti on
- Using technology to educate children in Haiti on
Find us on Facebook
The Hope Calendar
M | T | W | T | F | S | S |
---|---|---|---|---|---|---|
1 | 2 | 3 | 4 | 5 | 6 | 7 |
8 | 9 | 10 | 11 | 12 | 13 | 14 |
15 | 16 | 17 | 18 | 19 | 20 | 21 |
22 | 23 | 24 | 25 | 26 | 27 | 28 |
29 | 30 | 31 |