fbpx
Skip to content
Home » Blog » Nòt Pou Laprès – 7 Jiyè 2020

Nòt Pou Laprès – 7 Jiyè 2020

    POU PIBLIKASYON IMEDYA

    Kontakte: Evens Jean-Baptiste
    Tel: 4329-0609
    [email protected]

    Jounen Rekonsilyasyon Nasyonal, 7 Jiyè 2020
    Tèt-ansanm pi bon, Viv ansanm pi dous.

    PÒTOPRENS (1e Jiyè, 2020) – Ane 2020 sa a pote anpil sekous. Mond lan frape pa yon pandemi ki simaye kriz ekonomik ak twoub sosyal toupatou. Nan peyi nou menm, kote frè a sè n yo te gentan ap sibi konsekans viris divizyon, ògèy ak rayisans, bagay yo vin pi difisil toujou. Men nou gen espwa, paske de jou an jou konpatriyòt nou yo ap konprann pi byen ke Rekonsilyasyon ak Tèt-ansanm se sèl solisyon peyi nou.

    Se sa ki fè Kanpay Rekonsilyasyon Nasyonal la kontinye grandi, e ane sa a ankò, Madi 7 Jiyè, 2020 ki se Jounen Rekonsilyasyon Nasyonal la, ap yon gwo evènman pou peyi nou. Se yon jou nou rezève pou mete lapè ak tèt-ansanm sou podyòm nan, kote li merite rete. Ekip C.O.H. la, ansanm avèk plizyè gwoup ki simaye toupatou nan peyi a, ap òganize diferan aktivite pou selebre ak pwomote lapè ak tèt ansanm nan mitan nou, kèlkeswa kote n ap viv.

    Men kèk aktivite ki gentan pwograme. Vizite lyen sa a pou plis detay https://colorofhope.org/aktivite-pou-selebre-7-jiye-2020/

    Ekip Vilaj Miso a

    Leave a Reply