fbpx
Skip to content
Home » Blog » Aktivite pou Selebre 7 Jiyè 2020

Aktivite pou Selebre 7 Jiyè 2020

    5 MEYÈ VIDEYO JOUNEN REKONSILYASON NASYONAL 2020

    Nan Bon Repo – Òganizasyon Jou Nouvo ap fè klèb lekti a timoun yo pou edike yo sou enpòtans lapè ak rekonsilyasyon e ap kreye avè yo kat sou padon pou yo distribye nan kominote yo. 


    Nan Site Solèy –  Kanpay Konn Konstitisyon ap angaje yo ankò sou miray rekonsilyasyon an epi fè jwèt lespri ki senbolize 7 mo rekonsilyasyon yo ansanm. 

    Nan Vilaj Miso – Moun katye a ap reyini pou pataje eritaj nou avèk timoun yo, aprann yo jwe jwèt paran yo te konn jwe lontan ki te reyini nou. Y ap manje, fete ak selebre ansanm tou. 

    JOUNEN REKONSILYASYON NASYONAL

    Nan Jakè – Jèn yo ap reyini nan katye yo pou fete 7 Jiyè a. Y ap òganize yon fèt katye pou tout jèn nan zòn nan.  

    Nan Benè – Gwoup Solidarite de Bainet ap angaje nan yon kanpay sansibilizasyon nan tout seksyon yo pou ede konpatriyòt yo rekonèt ak konprann enpòtans rekonsilyasyon pou peyi n ka pwogrese. 

    Nan Machan Desalin – Grandèt yo ap rasanble kominote yo nan lakou yo pou yo selebre rekonsilyasyon. Y ap fete, manje ak bwè ansanm.

    Nan Gresye ak Leogán – Groupe Artisan de Paix (GAPA) ap reyini pou fòme yon chenn solidarite. Y ap envite plizyè entèvenan pou vin fòme manb yo ak kominote yo sou tèm Tèt-ansanm ak Rekonsilyasyon. A 11h AM, y ap andirèk sou chèn Youtube GAPA Production an ak chèn FB GAPA Haiti k ap pèmèt anpil moun patisipe nan selebrasyon an avèk yo. 

    HAITIAN-AMERICAN FOR RECONCILIATION

    Nan Delma/Taba/Santo –  1. Dimanche 5 jiyè nap fè sipriz a kek vwazen ki nan kominote nou, e yo menm y ap ka envite yonlòt moun ki pat alez avek yo kòm sipriz. Nou pral manje e echanje ansanm sou enpotans Rekonsilyasyon, lapè ak tèt ansanm nan peyi nou.

    2. N ap gen yon konferans zoom jou 7 Jiyè a nan aprè midi k ap andirèk sou Facebook. N ap gen entevansyon sou enpotans Rekonsilyasyon Nasyonal la, temwányaj , brase lide sou fason Kanpay Rekonsilyon Nasyonal la ka kontinye fèt nan kominote nou.. Etc.

    Nan Boukan Lapli – Kanpay Rekonsilyasyon an ap kontinye ak yon deba ak konferans otou yon gran ekran nan zòn nan. 

    Nan Beladè – Ekip radyo Rèv FM ap angaje oditè yo ak kominote yo nan lespri rekonsilyasyon avèk konkou ak pwogramasyon jou 7 Jiyè a.

    N ap Ajoute lòt aktivite detazantan

    KANPAY REKONSILYASYON NASYONAL

    Ekip Vilaj Miso a

    Leave a Reply