Malgre yo ba nou yon refòm konstitisyonèl an Kreyòl meli-melo, li se yon viktwa pou lang manman nou an. E travay la fenk kòmanse! Non sèlman n ap bezwen yon konstitisyon an Kreyòl ki kanpe pou kont li, san l pa melanje, n ap bezwen tou yon vèsyon odyo, pou pèmèt frè ak sè n ki malerezman pa konn li yo konprann tou.
Manman lwa peyi a se LWA nou tout. Fòk li danse nan tèt TOUT MOUN. An n kontinye leve vwa n pou sa k BON ak JIS pou peyi nou.