fbpx
Skip to content
Home » Blog » Twa Jou Dèy pou Ayiti

Twa Jou Dèy pou Ayiti

    M ap envite n komemore anivèsè tranbleman tè a avè m nan yon Twa Jou Dèy vityèl. Se pa yon 3 Jou Dèy pou sanblans, men pito yon moman pou yon soulèvman konsyans pou ede n valorize lavi nan peyi a. E ni se pa yon 3 jou pou n di lòt moun vi nou konte, paske zansèt nou yo gentan fè travay sa a. S on moman pou nou, Ayisyen, valorize pwòp vi nou ak vi pwochen n.

    Nou gaspiye twòp moun nan endiferans, neglijans ak vyolans, fòk sa chanje. Peyi n pap ka kontinye konsa e se nou k pou chanje sa. 

    M swete w ap rejwenn mwen 10, 11 ak 12 Janvye, pou ede n pataje ide k ap fè yon diferans kote k gen endiferans, met dilijans kote k gen neglijans, epi rechte vyolans nan tout sans. Tanpri, Ede n fè chak Ayisyen konprann ke lavi l ak lavi pwochen l, vo plis ke lò ak dyaman. 
    AN N APRANN VIV.

    Twa fason w ka patisipe

    Nanpwen anyen sou latè ki pi presye ke LAVI. Men 3 fason w ka patisipe nan #TwaJouDèy pou Ayiti a, yon soulèvman konsyans pou ede n VALORIZE LAVI.1. Invite fanmi, zanmi ak moun nan zòn kote w ye a pou yo patisipe. Pataje ide ki ka fè yon diferans kote k gen endiferans, met dilijans kote k gen neglijans e rechte vyolans nan tout sans. W ap jwenn kontni sou paj la ou ka pataje oswa ki ka enspire w.

    2. Konekte avèk Ayisyen nan kominote w la, kèlkeswa kote w ap viv, pou n ankouraje, konfòte younlòt ak ranfòse travay k ap ede peyi nou pwogrese. Se yon moman pou solidarite, pou n mete an pratik deviz nou, Inyon Se Fòs, menm jan nou te fè l lè vwazen nou yo te an detrès aprè tranbleman tè a an 2010.

    Patisipe nan twa Jou Dèy

    3. Panse a tout moun ki pèdi lavi yo pa vyolans, kidnaping, neglijans ak endiferans pandan ane k pase a ak fanmi yo ki kontinye ap soufri. Sonje tout frè ak sè n nou pèdi jou 12 Janvye, 2010 sa a. Epi priye ak medite sou diferan fason w ka sèvi peyi w ane sa a pou onore viktim yo ak kreye yon meyè vi pou jenerasyon k ap vini yo.

    Sonje, Twa Jou Dèy sa a se pou BON JAN refleksyon ak konsyantizasyon, paske toutan lespri, kè ak nanm nou pa sekwe ak LANMOU pou LAVI, ki makonnen ak yon konsyans kolektif, fiti nou ap kontinye menase. E nou dakò, AYITI JODI A PAP KA AYITI DEMEN AN. AN N APRANN VIV. #ValorizeLavi#TwaJouDèy#112Haiti

    Ide ak aksyon

    AN N SISPANN GASPIYE MOUN. N ap pran premye jou nan #TwaJouDèy la pou n sonje tout frè ak sè n ki gaspiye nan neglijans, endiferans ak enjerans. Tankou youn nan manm ekip la, Evens, nou pèdi akoz neglijans doktè ak lopital ki pa menm ka bay premye swen. Akoz enjerans dirijan, piblik kou prive nan peyi a, ki konfòtab ale nan lòt peyi pou swen medikal.

    Nou gaspiye Evens ak anpil lòt, akoz endiferans nou tout ki aksepte yon sistèm sante avèk lopital san kouran ak medikaman, san doktè ak enfimyè ki sansib pou lavi moun. Yon sistèm sante ki pa menm ka fè yon ISM, (Imaj Sónans Magnetik) pou dyagnostike maladi/domaj andan kò w san w pa bezwen fè operasyon. Nan 2021 an nou ka jere sa a.

    AN N APRANN SOVE LAVI. Ajoute non moun ou konnen nou gaspiye nan neglijans, endiferans ak enjerans nan peyi a. #ValorizeLavi#TwaJouDèy#112Haiti

    Ougan/bòkò/vodouyizan, pa aksepte lajan pou rele lwa pou touye moun. Itilize konesans sa a yonlòt jan #ValorizeLavi #TwaJouDèy

    Ougan/bòkò/vodouyizan, pa aksepte lajan pou rele lwa pou touye moun. Itilize konesans sa a yonlòt jan #ValorizeLavi #TwaJouDèy

    NOU KITE TWÒP TIMOUN SAN MANMAN SAN PAPA. Pou dezyèm jou dèy la, an n leve vwa nou pou tout timoun vyolans/kidnaping kite san manman, san papa. Tankou youn nan timoun mwen yo ki pèdi papa l, paske yon moun deside detwi lavi l. Sanble n pa reyalize jan vyolans ap gaspiye fiti timoun yo ki se fiti peyi n. Vyolans ap depafini fanmi nou yo ki deja nan detrès.

    Vyolans san sans ki makonnen ak vyolans pou pouvwa sa a pap ka kontinye nan peyi a! Se pa de moun ki te ka itil peyi a vyolans gaspiye. Yon Vyolans ki inisye pa politisyen/opozisyon, ki sipòte/finanse pa elit ekonomik, ki pwomote pa medya a. Yon vyolans dyaspora, elit entelektyèl ak pèp la tolere ak jwe wòl pa yo ladan l. Bagay yo pap ka kontinye konsa! NOU KA CHANJE SA, NOU DWE CHANJE SA E N AP CHANJE SA. #ValorizeLavi#TwaJouDèy#112Haiti

    PA TOUYE MOUN POU ti moso tè. LAVI yon moun VO PLIS ke tè. REFLECHI ANVAN W AJI #ValorizeLavi #TwaJouDèy #112Haiti

    LAVI PLIS KE POLITIK. Ayisyen kite politisyen fè l bliye si l se moun. Nou kite politik deimanize nou. Jodi a, M vle fè n sonje NOU SE MOUN.

    Pou Twazyèm Jou Dèy la, pandan n ap limen balèn ak priye pou frè ak sè n ki pèdi LAVI yo nan tranbleman tè 2010 la. An n jete dlo pou n wouze pousyè politik pou l pa kontinye ap sal LAVI nou. NOU PAP BLIYE E NOU PAP KITE PYÈS MOUN KONTINYE DEIMANIZE NOU E NI BANALIZE LAVI NOU #ValorizeLavi#TwaJouDèy#112Haiti.

    11 AN APRÈ TRANBLEMAN TÈ A, ÈSKE N PARE SI… 1.12.2010 #ValorizeLavi #TwaJouDèy #112Haiti

    APRÈ Twa Jou DÈY LA

    Nou fin a #TwaJouDèy la, kounyè a an n planifye ak travay pou sa k vivan ak jenerasyon k ap vini yo. BON AYISYEN, ki plan w pou peyi w ane sa?

    M gentan tande pale de kalandriye destriksyon move zè yo genyen pou peyi a, men M konnen peyi pa pou divizè ak moun k ap goumen pou pouvwa sèlman. PALE M DE PLAN PA W LA BON AYISYEN? Se pa sèl mal ki pou anplifye nan peyi a. Fòk nou kontrekare mal nan peyi a avèk sa ki bon ak jis. BON AYISYEN JWÈT POU OU #RevolisyonMantal

    Leave a Reply