fbpx
Skip to content
Home » Blog » Sispann Mal Ede Ayiti

Sispann Mal Ede Ayiti

    Pinga pyès moun vin di m yo dekouraje paske sa fè lontan y ap ede Ayiti men peyi a vin pi mal. Ni pa vin di m Ayiti pa p chanje. Se OUMENM KI PA P CHANJE. Ou pase tout tan w ap mal ede Ayiti se nòmal pou peyi a vin pi mal. Nou malEdike pèp la, nou mal chwazi lidè yo, jan dyaspora sipòte zanmi ak fanmi an Ayiti s on pwazon pou peyi a. Kot chanjman sa a ap soti? Si w vle Ayiti chanje se ou k pou chanje. Chanje fason w ap ede Ayiti si w vle l chanje #RevolisyonMantal #EdikeAyisyenPouAyiti

    Leave a Reply