fbpx
Skip to content
Home » Blog » Semen Rekonsilyasyon 2023

Semen Rekonsilyasyon 2023

    7 Jiyè – Bòn Fèt Rekonsilyasyon! Tèt-Ansanm Pi Bon, Viv-Ansanm Pi Dous. #LanmouPIFò #7Jiyè #JounenRekonsilyasyon


    6 Jiyè – Pi gwo Ennmi Ayisyen se Ayisyen. Se sa anpil moun di. Si se sa, an n rekonsilye avèk tèt nou. Lè n padone ak rekonsilye a tèt nou, l ap pi fasil pou n padone younlòt. E Tèt-Ansanm sa ap ede n sove peyi n. An n sove Ayiti. #Rekonsilyasyon #7Jiyè #KanpayRekonsilyasyonNasyonal


    5 Jiyè – Reconciliation Day is almost here! Do you know your 4 R’s? Here are the 4 R’s of forgiveness.
    Responsibility: Accept what has happened and show yourself compassion.
    Remorse: Use guilt and remorse as a gateway to positive behavior change.
    Restoration: Make amends with whomever you’re forgiving, even if it’s yourself.
    Renewal: Learn from the experience and grow as a person.


    4 Jiyè – Se moun ki gen ESPWA ki PADONE. Mwen konnen peyi m chaje dezespwa ladan l e chaje moun k ap simaye dezespwa bay jèn yo agogo, men n ap oblije chanje sa paske PA GEN LAVI SAN LESPWA. E se sa k ap ede n padone youn ak lòt pou n ka viv ansanm. Lè n gen LESPWA nou p ap kite sitiyasyon aktyèl yo defini fiti nou. @Gapa #Rekonsilyasyon #7Jiyè #KanpayRekonsilyasyonNasyonal


    3 Jiyè – Si n pa gen Tèt-Ansanm, n ap toujou pèdi. E si n pa rekonsilye, n ap pèdi peyi n tou. Pou twazyèm jou nan Semèn Rekonsilyasyon an, an nou medite sou kantite pèd nou fè lè n ap viv nan chen-manje-chen. Li lè pou n rekonsilye pou peyi n ka pot viktwa a. VRÈ VIKTWA AYITI SE NAN TÈT-ANSANM LI YE #Rekonsilyasyon #7Jiyè #KanpayRekonsilyasyonNasyonal


    2 Jiyè – M kontan wè kèk pastè pran Dimanch nan Semèn Rekonsilyasyon an pou preche sou Padon ak Rekonsilyasyon. Mèsi pou efò nou. E M swete chak ane plis nan nou ap angaje n pou lapè ak tèt-ansanm an Ayiti. Kounyèa M ap tann vrè vodouyizan yo. M p ap pale de bizango non, ri. #Rekonsilyasyon #7Jiyè #KanpayRekonsilyasyonNasyonal


    1 Jiyè – REKONSILYASYON se PWÒPTE. Lè n rekonsilye n ap gen yon peyi ki pwòp. Paske LAPÈ mache avèk PWÒPTE. Pou premye jou nan Semèn Rekonsilyasyon an, pran yon tan pou w pwòpte. Pwòte kè ak lespri w, pwòte kay ou epi ede pwòpte zòn ou pou retire vyolans, rayisans, ak ògèy pou Ayiti ka jwenn lapè. Rekonsilyasyon Pou Yon Ayiti Pwòp. #KanpayRekonsilyasyonNasyonal #JouNouvo #Rekonsilyasyon #7Jiyè

    Leave a Reply