fbpx
Skip to content
Home » Blog » Mesaj pou Martine Moise

Mesaj pou Martine Moise

    M pa menm ka jwenn mo pou M eksprime senpati m pou pèd ou. Sa ede m konprann, yon ti kras, soufrans ak moman difisil w ap travèse a.M ta renmen w sonje, doulè yon fanm se doulè tout fanm. M se yon FANM, M SANTI DOULÈ W. E si l te posib pou M ta ede w pote fado sa a, M t ap fè l.

    Ou pèdi zanmi/mari w, pitit ou pèdi papa yo e nou, nasyon an, pèdi prezidan nou se vre, men M rete kwè, nou pap pèdi yon myèt nan tout bon bagay li t ap travay pou yo a. M swete pawòl sa yo mete yon gout rekonfò nan bokit soufrans ou. M konnen fòs ki nan ou an ap ede ak gide w. M swete w reprann ou rapid. Nou tout ap tann ou. Ke LANMOU geri w ak tout fanmi w. #LanmouPiFò #JovenelMoise #MartineMoise #FanmiMoise

    Leave a Reply