fbpx
Skip to content
Home » Blog » Komite Konsiltatif la Inyore Rèl Pèp la nan Konstitisyon an

Komite Konsiltatif la Inyore Rèl Pèp la nan Konstitisyon an

    Yo pibliye dezyèm vèsyon nouvo pwojè konstitisyon an ki ta dwe pran an konsiderasyon sijesyon ak rekòmandansyon pèp la. Men depi w voye je w sou dezyèm vèsyon an, sitou atik sou lang lan, w ap reyalize se kalkil politik sèlman k fèt. Pa gen konsiderasyon pèp ni yon vizyon pou peyi. Nan yon sans, PA GEN ANYEN K CHANJE. Nan yonlòt sans, PÈP LA PA LADAN L e PA GEN ANYEN K AP CHANJE nan peyi a si Kreyòl pa sèl lang ofisyèl peyi a. 

    Komite Konsiltatif Pwojè Nouvo Konstitisyon

    Komite a di l resevwa 1550 moun ki bay dizon yo sou premye vèsyon an. M garanti w gen plis moun ki ekri yo sou medya sosyal, imèl ak lòt mwayen pou di yo, KREYÒL DWE SÈL LANG OFISYÈL PEYI A. San konte prèv (statistik, fè) ki devan je yo. Malgre sa, yo inyore rèl pèp la. Sa k pi dwòl la, menm deba piblik ki fèt sou konstitisyon an, tout fèt an Kreyòl. Men malerezman sa pa menm pouse yo keksyone koze lang lan nan konstitisyon an. Inyorans sa a depase limit. Komite a chwazi inyore vwa ak bezwen pèp la, pou ti minorite tou piti zwit la ka kontinye fè chelbè. An 2021, SA PA AKSEPTAB! E nou AYISYEN PA DWE AKSEPTE L. 

    Yonsèl Peyi, Yonsèl Pèp, Yonsèl Lang - KREYÒL

    Komite a demontre li dekonekte a pèp la e li plis ap kopye atik nan konstitisyon lòt peyi, san yon vizyon pou Ayiti. Yo montre yo pa konprann bezwen peyi a. Yo fè politik sèl biznis konstitisyon an e sèl biznis peyi a tou. Fòmasyon ak levasyon yonlòt kalte sitwayen pou yon pi bon demen pa sanble enterese yo. Sa tris, paske yon konstitisyon dwe wè pi lwen ke jodi a. Konstitisyon pou fè peyi, mande yon filozofi ki makònen avèk yon vizyon. 

    Nan pwojè konstitisyon an, se sèl atik sou lang lan ki pou pèp la, tout lòt yo se pou politisyen oswa atik pou jwe jwèt politik. E M ap redi sa, Depi Kreyòl pa sèl lang ofisyèl peyi a, tout sa k nan konstitisyon an pap vo anyen pou peyi a, e anyen pap chanje. Paske KREYÒL SE NANM AYISYEN, li se solèy ak dlo peyi a. San li, timoun pap grandi, edikasyon pap fleri, jistis pap pouse e pap gen pyès boujon pwogrè. 

    Lang ki Ini nou an se li k pou ofisyèl

    Ankò,  KREYÒL SE NANM PÈP LA, e yon konstitisyon san nanm pèp la, pap ka rezoud pwoblèm peyi a. Dezyèm vèsyon pwojè konstitisyon sa M wè a san nanm. M PA SIPÒTE L, E OU PA DWE SIPÒTE L TOU. An n kontinye TRAVAY POU NANM nan, e kòm opozisyon pa metye n, si oswa lè bon nanm moun k ap travay sou pwojè konstitisyon an tounen sou yo, n ap prè pou n travay pou enterè peyi nou, avèk yon konstitisyon ki gen nanm ak vizyon.

    Non pa m se Marli, M se yon Anbasadè Espwa pou Ayiti. 


    Atik 6 sou lang Kreyòl la. Men ki jan M t ap ekri l.

    Men kèk Videyo Anbasadè Marli fè sou enpòtans pou Kreyòl Sèl Lang Ofisyèl Ayiti

    Konplo Kont Lang Pèp La

    Konstitisyon sa San Nanm

    Fransè Mare Ayisyen

    Kreyòl Dwe Sèl Lang Ofisyèl

    Ofisyalize Kreyòl Pou Tout Bon

    Viktwa pou Kreyòl

    Konstitisyon an Dwe Fèt an Kreyòl

    Travay pou Kreyòl pa yon batay pou lang se yon travay pou nanm

    Leave a Reply