Edike Ayisyen Pou Ayiti
Edike Ayisyen Pou Ayiti se yon inisyativ pou fòme Ayisyen pou yo ret lakay e sèvi lakay. Nou vle edike tèt, nanm, ak kè chak timoun, yon fason pou yo konn kiyès yo ye, renmen pwochen yo, fyè de peyi yo e travay pou li. Se tou yon mouvman pou valorize karaktè, konpetans, ak entèlijans. N ap travay pou talan nou yo jwenn oswa kreye posibilite kote yo ye a. E sila ki deyò yo, n ap chouchoute yo e kreye yon klima favorab pou yo vin itilize konesans yo pou amelyore lakay. #EdikeAyisyenPouAyiti #Ayisyen365
Kijan’w Ka Ede Oswa Fè Pati Inisyativ Sa a?
- Pataje Inisyativ la ak videyo a toutpatou kote w kapab. Sitou sou medya sosyal yo
- Mete postè Edike Ayisyen Pou Ayiti nan lekòl, klas oswa lòt institisyon
- Kontribye lajan pou ede inisyativ la
- Ede amelyore ak pwomote Kreyòl nan edikasyon an Ayiti
- Sipòte/Sponsorize yon Bibliyotèk Pèp La – Kontakte n pou plis enfòmasyon info@colorofhope.org
Ayisyen ki Edike a pa Itil Ayiti
Ayisyen ki edike a pa itil Ayiti anyen. Sistèm edikasyon an #Ayiti pa prepare Ayisyen pou Ayiti. Nou mèt edike yon ban'n ak yon pakèt Ayisyen depi se nan menm sistèm nan se lave men siye atè. #EdikeAyisyenPouAyiti #Ayisyen365 #MkanpepouAyiti @colorofhopeorg
Posted by Ambassador Marli on Sunday, June 4, 2017
Recent Comments
- Take The “I Stand with Haiti Pledge” on
- I Stand With Haiti on
- Using technology to educate children in Haiti on
Find us on Facebook
The Hope Calendar
M | T | W | T | F | S | S |
---|---|---|---|---|---|---|
1 | 2 | 3 | ||||
4 | 5 | 6 | 7 | 8 | 9 | 10 |
11 | 12 | 13 | 14 | 15 | 16 | 17 |
18 | 19 | 20 | 21 | 22 | 23 | 24 |
25 | 26 | 27 | 28 | 29 | 30 | 31 |