fbpx
Skip to content
Home » Blog » 7 Swè pou 7 Jiyè

7 Swè pou 7 Jiyè

    Men 7 Swè Anbasadè Marli pou 7 Jiyè, Jounen Rekonsilyasyon Nasyonal.


    M panse l t ap bèl si pou okazyon #7Jiyè a M te jwenn de twa gwo pastè/lidè relijye ki admèt nan yon lèt ouvè a pèp la; yo ka fè mye e yo rekonèt levanjil la, ki se bòn nouvèl la, mal preche e mal aplike an Ayiti epi pwomèt yo pral travay pou chanje sa. Amen!!! #JounenRekonsilyasyonNasyonal

    Ou kwè M pa ta jwenn de twa zotobre nan “elit ekonomik” la, tankou; Gilbert Bigio, Michael Madsen, Marc Antoine Acra, Reginald Boulos, Grégory Brandt, Carl Braun, Thierry Gardère, Dimitri Vorbe ak tout lòt yo… pou ekri yon lèt eksprime regrè yo ak ofri eskiz a pèp la pou sa yo te ka fè men yo pa t fè, epi pwomèt apati de jou sa a, #7Jiyè  Jounen Rekonsilyasyon Nasyonal la, y ap fè bagay yo yonlòt jan. Enterè peyi ak lanmou ap sèl bousòl yo. M panse sa t ap yon bèl jès. Sa w panse?

    M reve M wè timoun anba monte anwo. Se pa pou y al siye machin non, men se pou y al jwe ak timoun parèy yo ki ret anwo a. An n kreye yon sosyete kote timoun anba ka jwe ak timoun anwo. #7Jiyè #JRN #JounenRekonsilyasyonNasyonal
    Jounalis

    Pou Jounen Rekonsilyasyon Nasyonal la, #7Jiyè, li t ap bèl anpil si M te jwenn de twa jounalis/moun medya ki prezante eskiz a nasyon an, pi presizeman a jenès la, pou jan yo mal enfòme, divize ak simaye dezespwa nan mikro yo.  Lè a rive pou medya a fè pati solisyon an. #JounenRekonsilyasyonNasyonal
    Lidè Politik

    Nan okazyon Jounen Rekonsilyasyon Nasyonal la , ou kwè M pa ta jwenn youn nan otorite nan chak kan politik, Divalyeris/Lavalas/Tèt Kale eks…, pou ekri yon lèt pou mande padon ak rekonsilyason a tout moun ki se/santi yo viktim de yo? Se pa yon lèt pou admèt koupablite nan yon ka spesifik, men pito yon jès pou ede geri peyi nou an de divizyon kronik n ap sibi an. #7Jiyè
    Prezidan Jovenel Moise

    E si Prezidan Jovenel Moïse, pou Jounen Rekonsilyasyon Nasyonal la, ta padone 7 prizonye? M ap pale de bann ak pakèt frè ak sè n yo ki nan prizon san yo pa janm jije. Pou #7Jiyè a, M ap mande pitye pou yo!

    Ou kwè pou 7 Jiyè a, Jounen Rekonsilyasyon Nasyonal, M pa ta jwenn de twa elit entèlektyèl ki admèt piblikman yo koupab. Epi mande pèp la padon paske yo kite l poukont li pou l regle tout pwoblèm yo sou beton an, pandan yo kache deyè bèl franse, liv ak bèl diskou. Li t ap bon si yo di “Nou regrèt konesans, konpetans ak privilèj nou yo pa itil peyi a. Dezole nou kite twòp twou vid pou nenpòt moun manipile pèp la. Nou reyalize gen nan nou ki kite emosyon nou depase konpreyasyon nou. Nou pwomèt apati de #7Jiyè, n ap pran reskonsablite kòm sektè ki dwe reflechi pou peyi a ak travay pou bati yon konsyans kolektif ki pou ede transfòme peyi nou. 

    Yon degi!

    Manje Ayisyen

    M ta renmen wè afich sa a nan restoran Ayisyen pou #7Jiyè a. Jounen Rekonsilyasyon Nasyonal
    Mennen Èks-enmi W Manje Gratis! Achte yon pla epi yon èks-enmi w ap jwenn yon pla gratis ticheri!

    Leave a Reply