fbpx
Skip to content
Home » Blog » 7 Jiyè – Jounen Rekonsilyasyon Nasyonal

7 Jiyè – Jounen Rekonsilyasyon Nasyonal

    Mezanmi, jodi a kè m kontan anpil, nou finalman g on dat pou Jounen Rekonsilyasyon Nasyonal la. Dat la se setyèm jou nan mwa jiyè. Kòmanse depi ane sa a, sèt jiyè se yon jou pou padon ak rekonsilyasyon an Ayiti. E se yon jou pou tout pitit peyi a ki deyò, rantre lakay.

    M ap pwofite di yon gwo mèsi a tout moun ki gentan siyen demand pou ofisyalize jounen rekonsilyasyon an. Franchman, se moun tankou w yo k ap ede transfòme Ayiti tout bon vre. Moun ki reyalize ravaj rankin ak divizyon ap fè nan peyi a e deside nou pap kite divizyon kòm eritaj pou lòt jenerasyon an. Mèsi anpil pou konpreyansyon w ak volonte w pou w eseye yonlòt apwòch, yon apwòch k ap pèmèt nou itilize fòs gerizon ki nan padon an, pou n geri peyi nou.

    Randevou a kase pou 7 jiyè, M swete w ap vin ede m sonnen lanbi rekonsilyasyon an.  Paske an verite, rekonsilyasyon pa yon chwa, men yon nesesite ak yon obligasyon. Li se yon nesesite pou pwogwè. Li nesesè pou bon fonksyonman fanmi nou yo, li nesesè pou pwosperite endividyèl e kolektif.

    Nan yon sans, li se yon enperatif pou yon Ayiti miyò e yon obligasyon pou tout Ayisyen ki renmen peyi yo tout bon vre. An n simaye lapè pou flè lanmou ka boujonnen nan mitan nou

    Non pa m se Marli, M se yon Anbasadè lespwa pou Ayiti, e se Rekonsilyasyon M ap mande.

    ——-

    Peze sou lyen sa a pou w siyen demand lan https://colorofhope.org/jounen-rekonsilyasyon-nasyonal/

    W ap jwenn plis detay nan videyo sa a https://www.youtube.com/watch?v=MdIvy8xZWs4

    Leave a Reply